Otorite yo anile yon alèt Tsunami yo te lanse pou rejyon Karayib la apre tranblemanntè pi puisan ki genyen nan zon nan depi 4 an frape lanmè o no Ondiras Samdi.
Sèvis Jeyolojik Etazini an, USGS rapote sekous la te gen yon magnitid 7,6 sou nechèl Richter la. Sant Rechèch Jeyosyans Almay la mete magnitid la a 7,5 epi di li te gen yon pwofondè 10 kilomèt.
Sistèm alèt Tsunami a te predi pou komanse vag lanmè ki mezire jiska 3 mèt pou Kiba epi ant 0.3 ak yon mèt pou Ondiras ak Zile Kayiman yo. Men pi ta li te di menas la pase.
Sistèm Alèt Tsunami Etazini an te lanse avètisman tou pou Potoriko ak Zil Vyèj yo apre sekous la, men yo te vinn anile li pi ta.
Li pa klè si te gen enpak ni dega nan okenn peyi.
Pi gwo tranbleman tè ki frape rejyon Karayib la sete an 2021 lè yon goudougoudou mayitid 7,2 te frape Ayiti, dapre Administrasyon Nasyonal Oseyanik ak Atmosferik Etazini an (NOAA).