Daprè jounal Lenouvelis ki site yon nòt ki soti nan Anbasad amerikèn, mèkredi 5 fevriye 2025 la, Etazini ap kontinye sipòte Misyon miltinasyonal k ap apiye sekirite a ann Ayiti (MMAS).
Enfòmasyon yo rapòte Depatmamdeta dakò fè yon esanpsyon 40,7 milyon dola nan benefis Polis nasyonal la ak fòs miltinasyonal la.
Kòb sa a pral kapab finanse kontra lojistik pou soutni baz operasyon avanse yo ; kontra antretyen veyikil ki nan flòt misyon an ; kontra sèvis medikal pou PNH la, sèvis transpò pou livrezon ekipman Depatmandeta ap bay yo ak pou peye ekspè k ap travay ak PNH la,
Anons sa a peyi Lèzetazini fè pou kontinye finanse fòs la vini kèk jou aprè yo te desise jele lajan ki te disponib nan ONU pou te finanse misyon sila a.