Yon Gwoup Ajan FBI Asiyen Depatman Jistis Etazini Akoz Jefò pou Idantifye Anplwaye ki te Envestige Trump

Foto Achiv: Katye Jeneral Biwo Federal Envestigasyon (FBI) nan Washington, 7 Desanm, 2024.

Ajan FBI ki te patisipe nan anket ki gen pou wè ak Prezidan Donald Trump asiyen Depatman Jistis la akoz jefò li lanse pou kreye yon lis non anplwaye ki te patisipe nan ankèt sa yo ke ajan yo krenn taka debouche sou pinisyon oubyen revokasyon.

Plent la ke yon gwoup ajan FBI depoze ansanm devan tribinal la Madi, mande pou sispann tou suit plan Depatman Jistis pou kreye yon lis ak non anketè ki te envestige atak 6 Janvye 2021 an kont Capitol la. Lis la sipoze gen ladann tou, ajan ki te mennen ankèt sou dokiman tòp sekrè Trump te sere lakay li nan Mar a Lago.