SAN SALVADOR, El Salvador (AP) — Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, di prezidan peyi Salvadò ofri pou l aksepte moun Etazini depòte yo, kèlkeswa nasyonalite yo, menm kriminèl ameriken vyolan ki pou kounye a fèmen nan prizon nan Etazini.
Rubio di Prezidan Nayib Bukele "aksepte akò migratwa ekstraòdinè, san parèy sa a."
Rubio ajoute, "Li ofri menm bagay la pou kriminèl danjere ki twouve yo kounye a nan prizon pou yo pije pèn yo Ozetazini, menm si yo se sitwayen ameriken oswa rezidan legal."
Yon otorite ameriken te deklare apre diskou Rubio a, administrasyon Trump la pa gen okenn plan pou l eseye depòte sitwayen ameriken, men òf la te enpòtan.
Gouvènman Etazini pa kapab depòte sitwayen Ameriken yo, dapre lalwa.