Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, rankontre dimanch ak lidè Panama a pou l fè presyon sou demann Prezidan Donald Trump pou Lèzetazini reprann kontwòl Kanal Panama a. Pandansetan te gen manifestasyon nan lari a.
Trump refize fè bak sou menas li te fè pou reprann kontwòl kanal la, men li pa rete klè kisa Rubio ka reyalize diplomatikman pandan vizit li lòt bò a, e Panama bò kote pal rete byen fèm pou l rejte nenpòt reklamasyon kont souverènte li.
Rubio, nan premye rankont li aletranje kòm pi gwo diplomat ameriken te rankonte Prezidan Jose Raul Mulino nan ansyen katye kapital twopikal la.
SEE ALSO: Fact Check: Trump di Lachin Opere Kanal Panama aRubio pita nan jounen an pral vizite Kanal Panama a, kote anviwon 40 pousan trafik bato ameriken pase.
Trump ak Rubio di ke rival ameriken yo Lachin te genyen twòp pouvwa alantou kanal la epi sa ka mennen sou yon potansyèl konfli.
Te gen yon ti panyen manifestasyon pandan vizit Rubio a, e lapolis te tire gaz lakrimojèn.