Kanada ak Meksik Reponn Tarif Trump yo Kif-Kif

Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pale ak lapres apre yon rankont ak prezidan ak PDG Asosyasyon Nasyonal Faktori Ameriken yo Jay Timmons nan Washington, 9 Janvye 2025.

Premye minis Kanadyen an ak Prezidan Meksik pase lòd pou reponn tarif Etazini yo kif-kif.

Prezidan Donald Trump anonse tarif kont Meksik, Kanada ak Lachin Samdi, ki deklanche yon gè komèsyal.

Kanada tap di depi plizyè mwa ke li tapral reponn nempòt ki tarif Washington enpoze kont alye li nan Amerik di Nò a. Meksik limenm te pran plis prekosyon ak apwòch pa li. Men nan fen an, tou le 2 peyi yo te fè sa yo te antisipe -ki se reponn kif-kif.

Premye Minis Justin Trudeau ak Prezidan Meksiken Claudia Sheinbaum pale nan telefòn Samdi apre administrasyon Trump la te enpoze tarif 25% kont byen Kanada ak Meksik voye vann Ozetazini. Pwodui Chinwa yo ap gen yon tarif 10% yomenm. Li poko klè si Meksik ak Kanada ap kowòdone repons yo fas ak tarif yo oubyen si yo pral fè sa nan jou kap vini yo.

Pa tankou Meksik, kote prezidan an anonse sèlman li pral enpoze tarif kòm reprezay sou pwodui Ameriken yo san li pa mansyone okenn to ni pwodui, Trudeau anonse Kanada pral reponn ak tarif 25% kont pwodui Ameriken ki vo $155 milya - ladann gen alkòl, mèb, ak ji zoranj. Trudeau menm sigjere Kanadyen pata dwe achte okenn pwodui Ameriken ni al pase vakans Ozetazini.