Accessibility links

Breaking News

Moun Ap Vann Aksyon Kou Loko sou Mache d Labous Etazini


Moun mache nan Mache d La Bous la nan Nouyok, 27 Fevriye, 2025.
Moun mache nan Mache d La Bous la nan Nouyok, 27 Fevriye, 2025.

Sityasyon lavant aksyon nan Wall Street (Mache d Labous Nouyok la).

Endis S&P 500 bese 2,1% Lendi nan moman kè sote ap ogmante sou ki kantite enpak ekonomik negatif Prezidan Donald Trump dakò pou sibi pou atenn objektif li.

Endis Endistriyèl Dow Jones la sibi yon bès 405 pwen, e Nasdaq la limenm bese 3,6%.

Pèt sa yo vini apre pi move semèn mache d labous Etazini an konstate depi mwad Septanm nan. Anpil envestisè gen kè sote dèske tarif Ameriken yo pral swa andomaje ekonomi a dirèkteman oswa kreye ase ensètitid pou konjle li.

Aksyon Tesla Elon Musk yo sibi youn nan pi gwo bès sou mache a, menm jan ak konpayi ayeryen ak lòt konpayi ki depann sou konfyans konsomatè yo pou depanse lajan yo.

XS
SM
MD
LG