Chantez renome Amerikèn Roberta Flack mouri a laj de 88 an.
Loreya pri Grammy a ki te yon piyanis te koni pou fason entim li te konn chante. Pami gran hit li yo genyen: "Killing Me Softly With His Song" epi "The First Time Ever I Saw Your Face".
Piblisis vedèt la di li mouri Lendi, ak fanmi li ozalantou l.
Flack te vinn gen siksè sanzatann nan komansman ane 70 yo apre Clint Eastwood te sèvi ak chante "The First Time Ever I Saw Your Face" nan film li an "Play Misty for Me."
Flack te gen siksè tou ak chante "Feel Like Makin Love" epi "Where is the Love?" ke li te anrejistre ak ansyen kolistye li nan Inivèsite Howard, Donny Hathaway.