Selèb ekriven ayisyen Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d'Argent, tout konnen sou son Frankétienne, mouri ayè jedi a, nan Pòtoprens. Li te gen 88 an.
Yon gwo pèt pou sektè atistik ak kiltirèl la an Ayiti ki pèdi youn nan pi gwo sèvo nan sa ki gen pou wè ak zèv literati.
Frankétienne pa sèlman yon ekriven. Li se yon "Megalomane" selon Emmelie Prophète ki dekri Frankétienne kòm yon atis polivalan ki gen miltifasèt.
Selon diplomat ayisyen an, Frankétienne kite yon gwo eritaj avèk anpil zèv ni nan panti ni nan sa ki pwezi.
Madam pwofèt dekri Frankétienne kòm yon atis ki envante yon jan literè ki rele "espiral".
Bò kote laprezidans salye depa pou peyi chapo Frankétienne, ke gouvènman an dekri kòm yon jeyan, yon vizyonè, yon moun ki fasone imajinasyon ayisyen e ki pote byen wo vwa pèp la
Laprezidans ekri, Zèv Frankétienne yo ap rete pou tou tan.
N ap fè sonje te fèt nan ravin Sèche, nan lakou Latibonit yon 12 avril 1936. Li ekri plizyè zèv, ladan yo Dezafi, pèlen tèt elatriye