Accessibility links

Breaking News

Jistis: Jiri Deklare Rapè A$AP ROCKY Inosan nan Dosye Akizasyon Pou Atak Ak Zam


A$AP Rocky Shooting Trial
A$AP Rocky Shooting Trial

LOS ANGELES, 18 FEV. (Reuters) — Yon jiri nan Los Angeles te deklare rapè A$AP Rocky inosan Madi sou de akizasyon kriminèl pou atak ak zam semi-otomatik nan yon diskisyon ak yon lòt atis hip-hop nan Hollywood an 2021.

Rocky, ki se mennaj chantè Rihanna epi papa de pitit gason li yo, te vole plonje tèt ba nan foul la apre yo te li vèdik la. Li te anbrase sipòtè li yo pandan sal tribinal la te eksploze ak aklamasyon.

"Mèsi nou tout paske nou sove lavi mwen," li te di manm jiri 12 moun yo.

Rocky te akize dèske li te pwente yon zam sou ansyen zanmi li, Terell Ephron, pandan yon diskisyon anflame, epi apre sa, li te tire de bal nan direksyon Ephron pandan yon dezyèm konfwontrasyon. Toude ensidan yo te pase 6 novanm 2021.

Ephron te deklare li te blese lejèman lè yon bal te fwote zo dwèt li.

Avoka defans Rocky yo te di zam ki enplike nan ensidan an se te yon zam akseswa atis la te itilize nan yon videyo mizik epi li te sèlman tire bal vid. Yo te ajoute tou Ephron se te agresè a nan sitiyasyon an.

"Nou vle remèsye Bondye an premye," Rocky te di jounalis yo deyò tribinal la pandan l te kanpe ant Rihanna ak avoka li. "Se yon moman foli kounye a."

"Mwen rekonesan epi beni pou mwen la jodi a, pou mwen yon nonm lib k ap pale ak nou," li te ajoute.

Albòm Rocky yo "Long. Live. A$AP." ak "At.Long.Last.A$AP." te klase nimewo 1 nan tablo pop Bilbòd 200 yo respektivman nan 2013 ak 2015. Twazyèm albòm li, "Testing," ki te soti an 2018, te rive nan senk premye yo.

Rihanna te vini nan tribinal plizyè fwa pandan jijman an. Li te mennen de pitit gason yo, RZA (2 zan) ak Riot (1 an), nan tribinal pandan diskou final yo.

Ephron, ki te fè mizik sou non atis A$AP Relli kòm manm yon gwoup hip-hop kote yo toude te ladan l, te depoze yon lòt plent sivil kont Rocky.

Nathan Hochman, Pwokirè Distrik Los Angeles, te di depatman li respekte desizyon jiri a.

"Biwo nou an toujou angaje pou chèche rann moun ki vyole lalwa responsab, kèlkeswa estati oswa enfliyans yo," Hochman te deklare nan yon kominike.

XS
SM
MD
LG