Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Gwo Van panik Soufle sou Pòtoprens


Haiti Security
Haiti Security

Gwo vant panik soufle sou plizyè katye nan Pòtoprens, kote plizyè dizèn sitwayen te foule beton an, jodi jedi 20 fevriye a. pou mande Leta ba yo sekirite

Manifestan yo ki soti nan katye tankou Solino, Kafou fèy elatriye egzije otorite yo pou rezoud pwoblèm sekirite a, paske sitwayen k ap viv nan kan yo, vle retounen lakay yo.

Sou Lali, ak Boudon, pase Kriswa, sitiyasyon an te mangonmen nan kapital la, kote manifestan yo mete barikad nan lari epi boule Kawotchou.

Yon lòt bò, depi mèkredi swa gwo kout zam ap chante nan Kafou fèy.

Kèk sitwayen te oblije kite kay yo, yon lòt fwa ankò nan katye sa, ki sibi plizyè fwa atak gang yo.

Lòt katye ki nan anviwon yo sou tansyon. Yo mete sou pye Brigad pou eseye pwoteje katye yo kont gang yo

XS
SM
MD
LG