Accessibility links

Breaking News

Lachin Pwomèt Amerik Latin Lyen 'Fyab' nan Moman Trump Detaye Demann li yo


Foto Achiv: Minis Afe Etranje Lachin Wang Yi
Foto Achiv: Minis Afe Etranje Lachin Wang Yi

Lachin pral toujou yon zanmi ak patnè "fyab" pou Amerik Latin nan dapre minis afè etranje Chinwa a. Minis la te pale konsa pandan yon rankont ak tokay Bolivyen li nan moman Peken ap chache valeplis teren nan yon rejyon Etazini te enfliyanse anpil nan pase a.

Minis Chinwa Wang Yi deklare: "Amerik Latin se kay pèp Latino Ameriken an, se pa lakou okenn peyi. Wang te pran la pawol nan Nasyonzini Madi, dapre yon deklarasyon ministè a.

Lachin vle "elve patenarya estratejik li ak Bolivi san gade dèyè," Wang di Minis Bolivyen Celinda Sosa.

Bolivi te tabli lyen diplomatik ak Peken an 1985. Li pami plizyè peyi nan Amerik di Sid ki gen lyen ekonomik ak Lachin ansanm ak dèt epi envestisman.

Bolivi chaje ak resous e li dwe Lachin, peyi nan mond lan ki prete l plis kob, plis pase $1,7 milya, dapre done Bank Mondyal la pibliye.

Konpayi Chinwaz yo envesti $6 milya nan Bolivi dapre done Enstiti Antrepriz Ameriken an. Pi fo lajan sa a ale jwenn sektè metal, enèji ak transpo peyi Bolivi.

Etazini bo kote pa li envesti apepre $430 milyon dapre done Depatman d Eta - pou pi fo nan domèn petwol, faz ak faktori.

Etazini ak Lachin pare pou yo dozado nan Amerik Santral ak Amerik di Sid pandan dezyèm manda Trump la. Lachin ap ogmante envestisman li yo nan rejyon an sitou nan domèn enèji ak enfrastrikti pou defye enfliyans Ameriken an.

Trump pat mize pou l kritike Panama poutèt lyen li ak Lachin apre li te monte sou pouvwa a. Li te voye Sekretè d Eta Marco Rubio nan Panama ak yon masaj ki mande Panama sispann enfliyans Lachin sou kanal Panama a oswa fè fas ak mezi Etazini.

XS
SM
MD
LG