WASHINGTON —
Prezidan Donald Trump deklare Jedi ke li vla reprann chita tande sou kontwòl zam nikleyè ak Larisi ak Lachin.
Misye di li espere evantyèlman 3 peyi a ap kapab antann yo pou koupe kokenn chenn bidjè defans yo pa mwatye.
Nan pale li te fè ak jounalis yo, Trump plenyen pou di Etazini ap depanse plizyè santèn milya dola pou rebati sistèm defans anti nikleyè. Prezidan an di li espere jwenn angajman bo kote advèsè Etazini yo pou koupe pwop depans yo nan domèn defans yo tou.
Pandan Etazini ak Larisi gen yon kantite masiv zam depi fen Lagè Frèt la, Trump Predi Lachin pral rive nan menm nivo ak yo pou koze devastasyon nikleyè " nan 5 ou 6 zan."