Videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo montre yon pati nan lopital la, tout moun konnen sou non Lopital jeneral, anba dife.
Pou kounya, yo paka evalye kantite dega dife a fè.
Aksyon sa rive anviwon 2 mwa apre gwoup nèg ak zam te vide katouch sou Lopital jeneral, touye 2 jounalis epi blese 4 lòt.
Lopital jeneral chita kòl nan ri Monseyè Giyou, yon zòn ki pratikman abandone akoz aktive gang yo nan kapital la.
N ap fò sonje gwoup gang yo te piye epi mete dife nan lopital Bernard Mevs nan mwa desanm 2024 la