Accessibility links

Breaking News

Alye Trump Steve Bannon Plede Koupab epi Evite Prizon nan Dosye Fwod pou Miray Fwontalye a


Bannon Border Wall
Bannon Border Wall

NEW YORK (AP) — Estratèj konsèvatè, Steve Bannon, plede koupab pou akizasyon fwod ki gen rapò ak twonpri donatè ki te bay lajan nan kad yon efò prive pou konstwi yon miray sou fwontyè sid Etazini an.

Bannon, ki se yon alye fidèl ansyen Prezidan Donald Trump, rive jwenn yon akò ki evite l prizon nan kad pwogram “N ap Konstui Miray la” toutotan li pa mete tèt li nan lòt pwoblèm. Bannon te denonse dosye sa kòm yon “pèsekisyon politik.”

Akò a te fèt madi, kèk jou sèlman apre Pwokirè Jeneral Etazini Pam Bondi te bay lòd pou Depatman Jistis la mennen ankèt sou sa Trump te rele “itilizasyon pouvwa jidisyè a kòm yon zam.”

2 lòt mesye ki te patisipe nan pwojè a te plede koupab pou akizasyon federal epi yo te kondane nan prizon.

XS
SM
MD
LG