Accessibility links

Breaking News

Zelensky Pare pou Echanj Teritwa


Russia Ukraine War Minerals Explainer
Russia Ukraine War Minerals Explainer

Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy deklare madi li pare pou "yon echanj" teritwa ak Larisi, nan kad posib negosyasyon lapè sou lidèchip Etazini, ki wè liberasyon yon Ameriken pa Moskou kòm yon bon siy.

Si Prezidan Ameriken Donald Trump rive mete Ikrèn ak Larisi chita bò tab negosyasyon, "n ap echanje yon teritwa kont yon lòt,” Zelensky deklare nan jounal britanik The Guardian, pandan li ajoute li pa fin konnen ki teritwa Kyèv ta mande an retou.

Prezidan Ikrenyen an panse Ewòp poukont li pa ka garanti sekirite peyi li. "Garanti sekirite san Amerik la pa vrè garanti sekirite," li afime.

Zelensky dwe rankontre vandredi ak Vis-Prezidan Ameriken J.D. Vance nan konferans sekirite Minik lan, an Almay. Sekretè Deta Marco Rubio ak emisè espesyal ameriken pou Ikrèn, Keith Kellogg, prevwa pou patisipe tou.

Donald Trump angaje l pou l mete fen rapid nan "masak" lagè Ikrèn nan, menm si sa mande pou l mete presyon sou Kyèv, ki te resevwa plizyè milya dola èd militè pandan ansyen Prezidan Demokrat Joe Biden te sou pouvwa.

Prezidan Ameriken an deklare madi li espere liberasyon yon Ameriken ki te kondane 14 lane prizon pou posesyon dwòg pa Larisi ka make "kòmansman yon relasyon" pou mete fen nan lagè Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG