Accessibility links

Breaking News

Ekspilsyon Migran Trump Deside a "pase Diyite yo Anba pye", Daprè Pap la


Venezuela US Deportation Flights
Venezuela US Deportation Flights

Pap Franswa kondane madi desizyon prezidan ameriken Donald Trump pou l mete migran deyò an mas, li di politik sa a "pase diyite yo anba pye", epi li mande fidèl yo reflechi sou "lejitimite" yon politik konsa.

Ekspilsyon "moun ki, nan anpil ka, te kite peyi yo akoz ekstrèm povrete, ensekirite, eksplwatasyon, pèsekisyon oswa degradasyon grav anviwònman an, afekte diyite anpil gason ak fanm," daprè sa Pap la ekri nan yon lèt li voye bay evèk ameriken yo, Vatikan pibliye.

XS
SM
MD
LG