Gad Kòt Etazini fè konnen ekipaj bato Escanaba a rapatriye 132 migran an Ayiti Lendi, apre yo te bare yo sou lanmè ak yon distans 80 kilomèt o sidès Marathon.
Gad Kòt di Ayisyen yo te nan yon bato a vwal sichaje e yo tap pase ant Kiba ak Kay Sal Bank.
Apre yo te monte abò vwalye a, Gad Kòt te idantifye migran yo epi ba yo manje, dlo, abri ak swen medikal anvan yo te repatriye yo.
Lyetnan Zane Carter, ofisye ranfòsman Gad Kòt la di: "Gad Kòt pral kontinye priyorize ranfòsman entegrite nasyonal nou epi anpeche moun antre Etazini ilegalman. Nou pran angajman fèm vizavi misyon nou pou n sofgade Etazini ak fwontyè maritim nou.
Dapre done Gad Kòt pataje ak VOA, depi komansman ane fiskal 2025 la (ki kòmanse Ozetazini 1 Oktòb) ekip Gad Kòt yo rapatriye 313 migran Ayisyen.
Pandan ane fiskal 2024 la, yo te rapatriye 857 migran Ayisyen.