Accessibility links

Breaking News

Meksiko Deplwaye Premye Pati nan 10,000 Sòlda Gad Nasyonal sou Fwontyè ak Etazini


Mexico US Tariffs
Mexico US Tariffs

CIUDAD JUÁREZ, Meksik (AP) — Yon liy kamyon Gad Nasyonal ak Lame Meksiken dewoule sou fwontyè ki separe Ciudad Juárez ak El Paso, Texas.

Yo se premye pami 10,000 sòlda Meksik voye sou fwontyè nò li apre menas taks Prezidan Donald Trump lan.

Manm Gad Nasyonal yo, ki te ame epi kagoule, ep fouye nan raje ki kouri ozalantou baryè fwontyè a nan zòn sid Ciudad Juárez, kote yo retire nechèl ak kòd yo te jwenn kache nan twou.

Sa rive apre yon semenn boulvès sou fwontyè a, apre Trump te anonse li ranvwaye ogmantasyon taks lou sou Meksik pou omwen yon mwa.

An echanj, Prezidan Meksiken Claudia Sheinbaum te pwomèt li pou l voye Gad Nasyonal peyi a pou ranfòse sekirite sou fwontyè a.

XS
SM
MD
LG