Accessibility links

Breaking News

Ekonomi: Yon Rezime sou Relasyon ak Tansyon ki Egziste nan Domèn sa a Ant 2 pi Gwo Fòs Ekonomik Mondyal yo


A line of trucks wait to cross the Bluewater Bridge border crossing between Sarnia, Ontario and Port Huron, Michigan on January 29, 2025.
A line of trucks wait to cross the Bluewater Bridge border crossing between Sarnia, Ontario and Port Huron, Michigan on January 29, 2025.

Ki montan ki sou tab la?

Echanj komèsyal ant Lachin ak Etazini te rive plis pase 530 milya dola (apeprè 500 milya ewo) pandan 11 premye mwa ane 2024 la, daprè Washington.

Pandan menm peryòd sa a, ekspòtasyon Lachin yo nan direksyon Etazini te plis pase 400 milya dola (386 milya ewo), daprè chif ameriken yo, sa ki mete Lachin nan dezyèm pozisyon pami pi gwo patnè komèsyal jeyan Amerik di Nò a, dèyè Meksik.

Lachin se yon founisè enpòtan tou pou Etazini pou pwodwi tankou elektwonik, rad ak twal, daprè Peterson Institute of International Economics (PIIE).

Men, gwo dezekilib komèsyal la deranje Washington depi lontan: defisi komèsyal la avèk jeyan azyatik la te rive nan 270 milya dola (260 milya ewo) sou 11 premye mwa ane 2024 la, daprè chif ameriken yo toujou.

Sou bò pa l, ladwann nan peyi Lachin te mansyone yon montan 361 milya dola pou tout ane a. Kokenn soutyen pati-Leta chinwa a bay endistri li yo ansanm ak tretman inegal antrepriz ameriken ki prezan nan Lachin lakòz akizasyon pou sa yo rele nan lang anglè ‘’dumping’’ (revann pwodwi ak pri atifisyèlman ba andeyò mache nasyonal la).

Sepandan, ekonomi chinwa a toujou depann anpil sou ekspòtasyon, sa ki eksplike poukisa lidè li yo ezite chanje sitiyasyon sa a.

XS
SM
MD
LG