Nan Miami, Avoka imigrasyon Ayisyen Eddy Laguerre bay VOA Kreyol presizyon sou ekspirasyon TPS pou Ayisyen 3 Out, 2025. Li te pale ak Luckson Saint-Vil.
Gouvène Eta Floride la Ron DeSantis siyen semèn ki sot pase la-a , 2 pwojè lwa ki pral rann lavi imigran ilegal yo difisil. Kisa ki nan lwa sa a ? Kòman li pral afekte imigran yo ? Detay ak Luckson Saint-vil depi Miami.
Laperèz lakay migran Ayisyen yo nan Eta Florid, fè anpil ladan yo pa soti al pran plezi yo, sa ki gen konsekans sou aktivite bal ak lòt anbyans.
Migran Ayisyen kap viv nan Sid Florid la, ap fonksyone nan laperèz, akoz operasyon depòtasyon administrasyon Trump lan lanse nan tout peyi a. Kolaboratè nou Luckson Saint-Vil pale ak kèk konpatriyot, lap prezante nou yon repòtaj…
Avoka imigrasyon Eddy Laguerre mande imigran Ayisyen kap viv Etazini yo pou pa panike, epi mache ak dokiman ki ka pwouve yo gen yon estati legal Ozetazini. Luckson Saint-Vil depi Eta Florid.
Ki atant Ayisyen kap viv nan Eta Floride yo parapò a 4 lane pouvwa Donald Trump lan ?
Kòman kreyatè kontni ak antreprenè Ayisyen kap itilize TikTok yo ap prepare yo sizanka li ta fèmen Ozetazini, dimanch kap vini la ? Kolaboratè nou Luckson Saint-Vil te pale ak kèk nan yo nan Eta Florid.
Oganizatè Prestigious Haitian Music Awards, onore nan North Miami Beach, samdi 11 janvye 2025 lan, 9 lejann nan mizik Ayisyèn nan, pou 9e Edisyon pwogram sila.
Malgre yo kite Ayiti depi lontan, plizyè fanmi Ayisyèn toujou kenbe tradisyon soup joumou an. Nan okazyon fèt endepandans peyi a, ayè 1e janvye, kolaboratè nou Luckson Saint-Vil te al lakay yon fanmi nan Florida… lap prezante nou yon repòtaj.-
Plizyè Ayisyen nan Florida swete peyi Dayiti jwenn lapè ak trankilite pou ane 2025 lan. Luckson Saint-Vil, te pale ak plizyè sitwayen nan Eta a.
Malgre yo anvayi ak nostalji, Ayisyen kap viv nan Eta Florid, kenbe menm koutim yo te genyen an Ayiti, nan Okazyon fèt Nwèl la.
Aktè Ayisyen renome entènasyonal, Jimmy Jean-Louis, òganize premye vant siyati liv li Ozetazini, dimanch 8 desanm nan, nan Miami, Eta Florid. Vant siyati “Heros”, liv sa ki ekri an fransè, e ki pale de pakou aktè Hollywoodien an.
Nan vil Spingfield nan Eta Ohio anpil manm nan kominote Ayisyèn nan ap kite rejyon pou ale nan lòt etaanvan prestasyon prezidan eli-a Donald Trump.
40èm edisyon Miami Book Fair (Fwa Liv Miami an) mete an valè zèv plizyè ekriven Ayisyen.
Imigran ayisyen k ap viv Ozetazini legalman sou diferan pwogram eksprime enkyetid yo apre deklarasyon prezidan eli a Donald Trump fè pou l di l ap mete deyò imigran k ap viv nan peyi a san dokiman legal.
Jounalis VOA Kreyol pale ak yon patizan Prezidan-eli Donald Trump ki eksprime kè kontan li resanti apre viktwa misye ranpote nan eleksyon prezidansyèl 5 Novanm nan.
VOA Kreyol pale ak 2 elektè Ayisyen Ameriken nan Miami sou jounan elektoral la Ozetazini.
Jounalis VOA Kreyòl Lukson Sanit-Vil te jwenn ayisyen ki ap viv nan eta Florid sou Eksyon Prezidansyèl al .
Nan moman Siklòn Milton ap rive sou eta Florida Ozetazini korespondan VOA Kreyòl Luckson Saint-Vil ap di nou ki preparasyon popilasyon an ap fè.
Otorite Ozetazini depòte yon imigran, epi otorize l retounen paske depòtasyon an Ayiti te ilegal. Kabinè avoka migran Ermite Obtenu te ede li retounen Etazini, anviwon 2 mwa aprè depòtasyon l.
Load more