Ayisyen Miami te pran lari pou eksprime solidarite yo ak kominote Ayisyen Ohio, kap fe fas ak dezenfomasyon pou di kom kwa yo manje chat ak chyen moun. Luckson Saint Vil te pale ak kek pami manifestan yo.
Ayisyen nan Miami ki pale ak VOA Kreyok kwè se jwèt politik k ap fèt, pa rapo ak akizasyon kom kwa migran Ayisyen nan Ohio ta manje chat ak chen moun. Yo te pale ak Luckson Saint-Vil.
Nan moman kote Ameriken ap selebre Fèt Travay pa yo, Ayisyen nan Miami sonje kijan yo te konn selebre fèt la lakay yo.
Nan lide pou ede timoun ki fèt Etazini konnen kilti, manje ak tradisyon peyi Dayiti, divès òganizasyon nan Boynton Beach, Florida, òganize yon jounen pòt louvri, anba tèm : “A Day In Haiti”. Luckson SAINT-VIL te prezan, lap di nou plis…
Pwochen kontenjan kap gen pou rive an Ayiti se ap Jamayik, e yo ta dwe rantre nan mwa Dawout kap vini la. Se Anbasadè Etazini an Ayiti a, Dennis Hankins ki anonse nouvèl la, jodi vandredi 19 jiyè 2024 la.
Legliz “Tabernacle de Gloire” inogire, vandredi a, nouvo lokal li nan North Miami, nan eta Florid. Konstriksyon lokal sa a, ki koute 60 milyon dola ameriken, pwovoke anpil kòmantè nan kominote ayisyen an.
Ayisyen kap viv nan Miami, reyaji sou deplwaman premye gwoup polisye Kenyan ki rive an Ayiti, nan kad misyon miltinasyonal soutyen a sekirite a. Reyisit oubyen echèk ? Pour ou contre ? Opinion yo pataje nan mitan kominote Ayisyèn kap viv nan Sud Florid la. Detay ak Luckson SAINT-VIL.-
Avoka Eddy Laguerre di Nou ki Kritè ou bezwen pou kalifye pou nouvo dekrè administrasyon Biden nan
Avoka Ayisyen Eddy Laguerre bay presizyon sou kisa anons nouvo pwogram 'Parole in Place' Prezidan Joe Biden anonse semèn pase a vle di pou Ayisyen.
Plizyè zòn nan Sud Floride la inonde, aprè gwo lapli kap tonbe depi ayè mèkredi a. Divès abitan gen kay yo ki pran dlo, epi chofè yo gen machine yo ki andomaje. Otorite yo nan sèten vil, dekrete eta dijans sou plizyè rejyon.
Profit Devlopment Consulting ke ekspè nan teknoloji, Jean Marie Altema ap dirije, òganize 2e Edisyon « Music Tech Conference », nan Miami. Evènman sa a te gen pou objektif “debat sou enpòtans teknoloji nan avansnan mizik nan mond lan”.
Nan leta Florid, Komisyonè Marleine Bastien mete ansanm ak divès lòt strikti Ayisyen, anba lobedyans biwo Majistra rejyon Miami-Dade la, klotire wikenn pase a, “mwa eritaj Ayisyen an”. Nan sans sa a, gen yon gwo fwa atistik ak kiltirèl ki pote non « Haïtian Heritage Expo ».
Pou plizyè Ayisyen nan Miami, Garry Conille kòm premye minis, se yon chwa entènasyonal la enpoze, spesyalman peyi Etazini. Konpatriyòt sa yo di yo pa atann anyen de yon gouvènman ki gen nan tèt li Garry Conille. Nap raple se 6 manm konsey prezidansyel tranzisyon an ki chwazi Conille kom PM.
Jèn reyalizatè Ayisyen, Robenson Lauvince, òganize wikenn pase a nan Miami, "grande première" nouvo fim li ki rele “Message Sent” sa te rasanble divès gwo aktè, pwodiktè ak reyalizatè nan Karayib la.
Dapre New York Times: Ansyen Prezidan Michel Martelly ta ap fè presyon pou enfliyanse konpozisyon gouvènman enterimè a, epi mande amnisti pou gang yo. Se sa jounal New York Times revele nan yon atik ki soti, jodi madi 21 me a.
Ayisyen nan zòn Palmetto, rejyon Bradenton nan Florida, selebre fèt drapo a, nan kad yon gwo festival atistik e mizikal. Divès gwoup ak atis Ayisyen kou etranje te reponn prezan nan evenman sa a, ki fèt nan lide pou ede konpatriyòt yo rete konekte ak kilti peyi yo, epi kole ak drapo yo
Otorite yo nan vil Miramar (Florida), òganize yon sware kiltirèl e mizikal, wikenn pase a, nan kad selebrasyon mwa eritaj Ayisyen an. Drapo nan men, anpil Ayisyen te fè deplasman pou vin asiste ak evenman sa a
10e Edisyon festival liv nan sant kiltirèl « Little Haïti » dimanch 5 me 2024 òganize chak ane. Anpil ekriven Ayisyen te vin ekspoze zèv yo pou Edisyon 2024 sa a ki, selon òganizatè yo, te konsidere kòm mwayen pou yo voye yon mesaj bay tout moun ki vle fòse Ayisyen kite zòn Little Haïti a.
Divès Ayisyen nan Miami, di yo pa atann anyen konkrè de Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, ki gen nan tèt li Edgard Leblanc Fils. Kolaboratè nou Luckson SAINT-VIL te poze kèk ladan yo kesyon sou deziyasyon lidè OPL la kòm Prezidan, epi ansyen Minis spò Fritz Belizaire, Premye minis.
Ayisyen nan Miami bay opinyon yo sou enstalasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an nan Potoprens, jodi 25 Avril 2024 la.
Load more