Etidyan nan mond lan ak anpil kanpous inivèsite Ozetazini kontinye ap manifeste kont atak lame Izrayèl la nan Gaza.
ByteDance Ak Tiktok Trennen Etazini lajistis kèk semèn apre kongrè ameriken an te vote yon pwojè lwa e prezidan Joe Biden te siyen l pou mande ByteDance vann Tiktok ak yon konpayi ameriken oubyen yap entèdi itiizasyon aplikasyon sou tèritwa ameriken an
Manfestasyon pwo-palestinyen nan kanpous univèsitè ap prezante nouvo devlopman kote gen afwontman ant polisye ak manifestan . Yon repòtaj Jeanty Augustin Jr .
Minis Edikasyon Ayisyen an, Nesmy Manigat di VOA Kreyol elèv yo ka chwazi pou konpoze nempot lè yo pare. Minis la pale sou preparasyon leta ap fè pou egzamen nan fen ane skolè a.
Group Militan Hamas yo deklare y ap voye yon delegasyon ann Ejipt pou al diskite pwopozisyon sese l fè Izrayèl fè pou liberasyon otaj yo. Jeanty Augustin Junior
Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken toujou nan Mwayen Oryan an nan kad rankont pou jwenn yon akò seselfe ant Gwoup Ame Hamas la ak Izrayèl, nan yon konferans ekonomik Blinken fè konnen se Hamas ki bloke Akò sa a. Detay Jeanty Augustin Junior
Yon gwoup pwofesè nan gaza transfòme tant tankou salklas pou bay timoun palestin ki pa ale lekòl depi lè lagè a te kòmanse ant gwoup ame hamas la ak lame israyèl la depi 7 oktòb 2023 a.
Ansyen Atakan brezilyen an Romario, ki te pran retrèt li rekòmanse antrene pou l retounen monte teren an, li te enskri kòm jwè nan ekip dezyèm divizyon eta Rio de Janeiro America-RJ.
Yon responsab dwa moun Nasyonzuni soulve gwo ke sote li genyen pa rapo ak kadav yo detere nan lopital Al Shifa nan Gaza a.
Plizyè dizèn etidyan jwenn arestasyon yo nan kad manifestasyon anfavè Palestin devan atak lame izrayèl nan Gaza. Jeanty Augustin JR
Pami 4 pwojè-lwa chanm depite a vote samdi pase a pou bay $95 milya dola pou Ikrèn, se lwa pou mande pwopriyetè Tiktok la pou vann li oubyen li fè fas ak yon entèdiksyon Ozetazini. Detay JEANTY AUGUSTIN JUNIOR
Zam bandi te konn sèvi pou simen la twoublay nan Pewou fonn epi tounen pak pou timoun, anba yon pwogram leta. Jeanty Augustin Junior gen detay.
Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral pou Timoun ak Konfli Ame, Virginia Gamba eksprime yon panse espesyal pou timoun ak jèn nan peyi Dayiti avek zak vyolans-yo .
Nan sant rejyon Gaza, Deir al-Balah, moun ki deplase yo konstwi yon tant ak bwat èd manje vid yo te resevwa yon fason pou senbòlize lavi yo pandan lagè a epi voye yon "mesaj" bay mond lan sou sityasyon imanitè a nan rejyon an
Dapre Pwogram alimantè Mondyal(PAM), vyolans plonje gang ame yo plonje Ayiti nan yon grangou egzajere.
La Nuit des Jeunes 2024: Zafem. Pierre Jean. K-dilak & Bedjine. Ruthshelle . Darline Desca. Tafa Mi-Soleil
Etazini depote plis pase 300 migran Guatemala ki tap eseye antre sou teritwa Ameriken ilegalman.
Plizye milye Izrayelyen te pran lari vil Jerizalem pou pwoteste kont gouvenman Premye Minis Benjamin Netanyahu a.
Gen omwens 6 moun ki mouri apre yon bato kago frape yon pon nan vil Baltimore. Jeanty Augustin Jr. di nou yon alet dijans te lanse anvan kolizyon an.
Chicago ap mete migran deyò nan eta a alòske yon gwoup migran touprè El paso ap veye kilè pou yo travèse kay tonton sam. Detay Jeanty Augustin Junior
Load more