Jeanty Augustin Junior pale ak fondatè Konbit San pou San, Louino Robillard, sou jefo yap mennen pou ankouraje Ayisyen bay san nan moman peyi a ap fè fas ak yon gwo mank pandan zak vyolans gang yo ap ogmante.
Share Inyon Ewopeyen an anonse Mèkredi 13 Mas 2024 ke li bay Ayiti 20 milyon ewo èd imanitè, nan moman kote popilasyon an ap soufri anba zak vyolans gang nan peyi a nan mitan yon kriz politik ki te pouse Premye Minis lan anonse demisyonl.
Bèljik ak Etazini pote asistans imanitè bay moun Gaza yo, kap fè fas ak yon kriz imanitè grav depi atak 7 Oktob 2023 Hamas la.
Prezidan peyi Salvado, Nayib Bukele deklare li ka jere pwoblèm gang peyi d Ayiti, men jan li te fè l lakay li.
Prezidan Etazini Joe Biden ap pwononse diskou li sou Eta Nasyon an nan moman kote Etazini ap fe fas ak anpil defi nan domen politik etranje li. Jeanty Augustin Junior gen detay sou kestyon enpotan prezidan an pral abode aswe 7 Mas, 2024.
Kandida a la prezidans Repibliken Nikki Haley anonse lap sispann kanpay li apre defet li sibi devan rival li, ex-Prezidan Donald Trump nan eleksyon prime ki te dewoule nan plizye eta ke Ameriken yo rele "Super Tuesday".
Vis-prezidan an Kamala Harris mande yon seselfe pandan negosyasyon yo ap kontinye nan peyi Lejipt. Jeanty Augustin Junior rezime sityasyon konfli Izrayel Hamas la pou nou.
Prezidan Joe Biden rankontre ak lide nan Kongrè a nan moman asistans etranjè 95 milyad dola ke Sena-a te apwouve, bloke nan chanm depite ak posibilite pou gouvenman fèmen-an . Jeanty Augustin Junior .
Prezidan pouvwa palestinyen-an Mammoud Abbas aksepte demisyon gouvènman an pandan pandan lame Izrayelyèn nan kontinye ap pilonnen plizye anklav palestinyen-yo . Yon mizajou : Jeanty Augustin JR
Defansè vedèt brezilyen , jwenn kondanasyon jodi jedi 22 fevriye 2024 la nan barcelone pou l pase 4tran edmi pou agresyon seksyèl. Detay ak Jeanty Augustin Junior
Izrayel di li pap peye Hamas pou liberasyon otaj li kenbe nan Gaza yo. Jeanty Augustin Jr. gen detay.
Nan dosye Donald Trump ak lajis, genyen 2 jou seyans pou konnen si wi ou non Avoka gouvenman Joji Fani Willis ap kalifye ou diskalye pou travay sou dosye a .
Lame Izrayèlyen an libere 2 otaj militan Hamas yo te kenbe nan Rafah. Premye Minis Benjamin Netanyahu kritike deklarasyon Prezidan Biden fè pou di operasyon li yo nan Gaza "depase limit yo".
Prezidan Joe Biden konsidere atak Izrayèl ap lanse nan teritwa Gaza a depi 7 Oktòb pase depase limit. Jeanty Augustin Jr
Lame Izrayèl kontinye ap atake teritwa Gaza a malgre jefò k ap fèt pou gen yon sese l fe nan gè a ki prèske rive sou 4 mwa
Militan Houti-yo ak nouvo rekrite-yo nan Yemen dispoze al pote kole ak militant Hamas-yo nan Gaza kont lame Izrayèl
Pandan odyans ap fèt sou akizasyon ki peze sou do anplwaye ajans Nasyonzini nan Palestin pou zafè imanitè (UNRWA), rejyon Gaza a toujou anba atak lame Izrayèl la.
Gè izrayèl Hamas la ap kontinye pandan yon ankèt sou yon antite ki responsab asistans imanitè nan Nasyon Zini nan Palestin ap pwogrese. Yon repòtaj : Jeanty Augustin JR
Negosyasyon yo ap kontinye sou dosye gè Izrayelo-Hamas, pandan afwontman yo ap kontinye ant lame Izrael l ak militan Hamas.
Izrayèl rapòte lanmò 24 sòlda li nan Gaza, youn nan pi move jou pou lame Izrayèl la depi li te lanse kanpay li pou elimine gwoup militan Hamas la.
Load more