Plizyè Milye Izrayelyen pran lari an Jerizalèm pou manifestan kont gouvènman Premye Minis Benjamin Netanyahu a pou movèz jerans lan nan lagè a.
Ajans nouvel Associated Press kole tet ansanm ak oganizasyon NORC pou fe yon sondaj pami adilt Ameriken yo kote yo mande yo opinyon yo sou kondanasyon lajistis pou ansyen Prezidan Donald Trump. Yon tribinal federal jwen misye koupab pou 34 chef akizasyon nan dosye lajan li peye yon dam anba tab.
Manifestasyon ann Ajantinn kont pwojè lwa ekonomik mare senti palman an vote.
Donald Trump ap fè you retou triyonfan nan Kongrè a pou rankontre ak depite ak senatè Repibliken yo pou premye fwa depi atak 6 Janvye 2021 an.
Prezidan ameriken Joe Biden te pale sou sekirite nan Washington, menm jou apre lajistis nan eta Delaware te jwenn pitit gasonl Hunter koupab deske li te bay manti pou li te ka achte zam nan moman li te dejwe nan dwòg.
Imigran ki nan sant detansyon Port Isabel nan Texas ap tann sò yo pou konn si yap akòde yo azil oubyen depòte yo
Trafik zam afe ilegal kap sòti Etazini gen gwo enpak sou peyi amerik latin ak karayib yo. Meksik kontinye ap lite kont pwoblèm sa a. Detay Jeanty Junior Augustin.
Prezidan Kenya a, William Ruto mande pastè evanjelik yo pou yo ede gide misyon sekirite pou Ayiti a. Jeanty Augustin Junior gen detay.
Se Claudia Sheinbaum ki genyen eleksyon prezidansyel peyi Meksik la. Li tounen premye prezidan fanm nan listwa 200 zan peyi Meksik. Madan Sheinbaum se yon savan ki espesyalize nan klima e li te okipe pòs majistra vil Meksiko Siti. Dimanch swa, 2 rival li yo te admet defet yo.
Nan eleksyon ki gen pou fèt dimanch nan Meksik gen yon kandida gason pami 2 fi ki nan kous la
Yon jounen ranmase San pandan fèt manman ann Ayiti yon fason pou ede moun ki bezwen san sitou nan moman ensekirite a.
Plizyè Dizèn sivil Palestinyen mouri ak blese nan yon atak lame Izrayèl la nan Rafah.
Yon jounalis Palestinyen reprann travay yon mwa apre li te pedi yon janm nan konfli Izrayelo-Hamas la. Jeanty Augustin Junior gen istwa misye.
Gwoup Ayisyen KOMOKODA vwayaje soti depi vil Nouyok pou vin Washington, kote yo te manifeste devan Lamezonblanch, Anbasad Kenya ak Anbasad Washington pou pwoteste kont vizit Prezidan William Ruto Ozetazini epitou kont lide pou voye yon fos miltinasyonal al jere zak vyolans gang yo an Ayiti.
Gwoup dyaspora Ayisyen Komokoda manifeste devan Lamezonblanch, Anbasad Kenya ak Anbasad Ayiti nan Washington DC pou pwoteste kont vizit ofisyel prezidan Kenya William Ruto ap fè Ozetazini.
Anpil Meksiken gen espwa deske se yon fanm ki pral pwochen prezidan peyi Meksik.
Prezidan Repiblik Dominikèn, Luis Abinader pale sou kriz Ayiti a e refòm fiskal li pral fè nan peyi l, apre li fin ranpòte eleksyon an.
26yème Edisyon Haitian Compas Festival, nan Bayfront Park nan Samdi 18 Me a jou fèt drapo peyi Dayiti , ekip VOA Kreyòl la te reponn prezan nan festival sila kote nou te pale òganizatè, atis, ak fanatik .
Prezidan demokrat Joe Biden lanse yon defi bay ansyen prezidan repibliken Donald Trump Mèkredi 15 me 2024 la pou yo fè 2 deba prezidansyèl televize nan mwa jen ak septanm, e Trump rapidman aksepte defi a.
Etazini-Jistis : Michael Cohen, ansyen avoka Donald Trump ,kontinye reponn kesyon jodi an nan pwosè istorik ansyen prezidan preziodan ki anba akizasyon deske li achte silans
Load more