Reyaksyon kèk sitwayen nan Washington DC sou deplwayman fòs Kenya a ann Ayiti.
Mwenske yon mwa anvan konvansyon pati Demokrat la, Prezidan Joe Biden sede anba presyon plizyè alye pou l wetire kandidati li kòm kandida pou prezidan.
Chèf polis pwovizwa Kenya a jistifye yon entèdiksyon kont manifestasyon nan sant kapital la Nairobi lè li di ke gwoup kriminèl te planifye pou pwofite ajitasyon an.
Elektè Ameriken yo evalye efè tantativ asasinay samdi a sou kandida prezidansyèl Donald Trump. Korespondan VOA Kreyol rapòte ke Elektè yo ap reflechi sou ki sa tire a vle di pou peyi a ak pou eleksyon Novanm nan.
Tantativ asasinay sou ansyen prezidan Trump la chanje yon ti kras fason kandida yo te konn ap lanse pawòl piman bouk youn kont lòt.
Mayo ki gen yon foto Donald Trump ki leve men li apre li te siviv tantativ asasinay la gaye sou platfòm rezo sosyal kote moun ka achte machandiz sou entènèt.
Washington te akeyi 75yèm anivèsè Alyans Trete Atlantik Nò a pandan 3 jou, e nan denye jounen an yon ti gwoup manifestan te debake pou vin eskprime kolè yo kont atak lame Izrayèl nan Gaza a kote 32 manm lOTAN yo te prezan nan Walter E. Convention Center.
Lachin reponn peyi manm LOTAN yo ki di ke lap sipòte Larisi nan Lagè Ikrèn nan.
Lèzetazini anonse yon gwo don asistans militè pou Ikrèn dezyèm jounen rankont o somè LOTAN an nan Washington.
Anvwaye espesyal VOA Kreyol nan rankont o some LOTAN an (Oganizasyon Trete Atlantik No a) Jeanty Augustin Junior ba nou kont randi de mezi sekirite otorite vil Washington yo pran pou pwoteje lide kap asiste reyinyon an.
Sant Nasyonal Siklòn Etazini (NHC) fè konnen Siklòn Beryl rive toupre Matagorda, Texas, apre tanpèt ki t ap pwoche a te fòse yo fèmen prensipal pò petwòl yo epi anile vòl avyon yo.
Sant Siklonn Miami lanse avetisman pou di siklon Beryl pote yon danje "vital" pou La Jamayik ak Zile Kayiman yo.
Vyolans pete ankò nan Nairobi, Kenya apre apèl lande pou plis manifestasyon dewoule.
Yè Jedi 27 jen 2024 la, nan aswè, Ameriken atravè Etazini te rasanble pou gade premye deba kanpay prezidansyèl 2024 la ant prezidan Joe Biden ak ansyen Prezidan Donald Trump.
Manifestan yo toujou nan lari Kenya malgre Prezidan Ruto abandone pwojè lwa finans la, yon jou apre manifestasyon ki te pi vyolans nan peyi kenya apre endepandans li nan lane 1963.
Aprè gwo manifestasyon kont lwa finans ke gouvènman an te mete anplas, Prezidan Kenya William Ruto fe konnen li pap siyen pwoje lwa finans la.
Yon pati nan bilding palman Kenya a pran dife apre plizyè milye manifestan kont yon nouvo pwojè-lwa finans te avayi palman an.
Yon fòs polis Kenyan pral pran avyon pou al Ayiti 25 Jen pou dirije yon misyon LONU apiye ki gen kòm misyon pou jere zak vyolans gang yo.
Yon Koup Marye ki ap viv Phoenix nan eta Arizona eksite men yo gen mefyans sou plan Biden pou mari oswa madanm imigran ki sitwayen ameriken yo.
Manistasyon nan Kenyan kont ogmatasyon sou plizyè pwodwi premye nesesite pami yo "Kotex", Papye Ejenik, Pen ak plizyè lòt.
Load more