Anpil moun kontinye mouri nan Gaza pandan 2 operasyon lame Izrayèl la nan Tulkarm ak Jenin. Pandan tan sa, minis inyon ewopeyen yo reyini pou yon chital pale sou sa kap pase nan Mayen Oryan an
Pou piti 7 Palestinyen mouri Nan yon gwo operasyon lame Izrayèl la nan Sijòdani alòske litij an Izrayèl ak liban poko sispann
Negosyasyon seselfe nan konfli Izrayelo-Hamas la reprann jodia nan peyi Katar.
Nan moman Sekrete d Eta Antony Blinken mete fen nan vire won li tap fe nan Mwayen Oryan an pou ankouraje Izrayel ak Hamas aksepte nouvo pwopozisyon seselfe a, lame Izrayelyen an kontinye mennen operasyon nan Gaza.
Depite Repibliken Nouyok George Santos, ak Senatè Demokrat New Jerze, Bob Menendez jwenn kondanasyon lajistis ameriken pou krim federal ki se fwod ak koripsyon.
Nan yon deklarasyon ke peyi medyatè yo ki se Etazini, Ejip ak Kata pibliye, chita pale ki fèt yè jedi a ak jodi vandredi 16 Dawout 2024 la pou jwenn yon akò seselfe nan Gaza ak liberasyon otaj Izrayèl yo ak prizonye palestinyen yo te serye e t ap mache sou bon pye.
Manifestan nan peyi Izrayel mande yon ako seselfe tou suit ant Izrayel ak Hamas.
Iran derefize sede anba presyon peyi Ewopeyen ak Etazini ki mande li pou l pa lanse yon atak revanj kont Izrayèl pou asasina lidè politik gwoup Hamas la ke yo te touye nan Teheran semèn pase a.
Oganizasyon Komite Ayiti Inc. oganize yon festival Ayisyen Karayibeyen ki mete an valè kilti peyi d Ayiti. Jeanty Augustin Jr. te sou plas pou VOA Kreyol.
Maladi po finn tounen yon epidemi nan Gaza, dapre sa responsab la sante yo di, akoz kondisyon epouvantab ki egziste nan kan refije yo kote plizyè santèn milye Palestinyen ki oblije kouri kite kay yo ap viv.
Minis Zafè Etranje Iran, Ali Bagheri, nan yon entèvyou ke li bay sèlman Ajans France Presse (AFP) nan Jeddah, Arabi Saoudit, li pale de tansyon ki genyen nan rejyon an, epi tou sou asasinay ansyen chèf Hamas la, Ismail Haniyeh.
Gwoup militan Palestinyen Hamas la di li chwazi Yahya Sinwar ki se responsab pi wo plase ki te konplote atak 7 Oktob la kont peyi Izrayèl kom nouvo lidè li.
Apre gwo boukantaj prizonye ki fèt ant Larisi ak peyi loksidan yo nan peyi Tiki, Alan Guershkovich, Paul Whelan, Vladimir Kara-Murza ak Alsu Kurmasheva rive Etazini.
Larisi Lage plizyè prizonye Ameriken li te kenbe, nan yon gwo boukantay prizonye ak peyi loksidan yo.
Dife pran nan sistèm rezo tren eletrik fransè a lakoz mete vwayajè nan gwo latwoublay avan ouvèti Jezolenpik Paris 2024 la yo.
Manifestasyon pa sispann nan Kenya malgre li pwopoze amannman nan lwa anti koripsyon e nonmen nouvo minis ki gen kèk manm opozisyon an ladan l.
NYPD polisye vil New York te prezan mèkredi 24 jiyè a nan Washington DC pou ede sekirize vil la nan moman premye minis Izrayelyen an tap vizite kongrè ameriken an
Plizyè milye manifestan anti ak pro Izrayèl te pran lari Washington DC pandan premye minis Netanyahu tap pale nan Kongrè ameriken an.
Kimberly Cheatle, direktris Sèvis Sekrè Etazini, yon ajans ki gen kom misyon pou pwoteje prezidan ak ansyen prezidan Ameriken, bay demisyon li apre pakèt kritik ki tonbe sou do l poutèt fason ajans la mal jere miting politik kote yon nèg ak zam te tire ex-Prezidan Donald Trump nan Pènsilvani.
Reyaksyon kèk sitwayen nan Washington DC sou deplwayman fòs Kenya a ann Ayiti.
Load more