Kòman Ayiti reprann li apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, ki raple youn nan pi gwo dezas natirèl e pi trajik nan istwa peyi sa a, nan sant yon pwosè nan New York pou detèmine si gouvènman Trump la kapab vrèman vre mete fen nan Estati Pwoteksyon Tanporè a, TPS, pou plizyè milye resòtisan ayisyen.
SEE ALSO: Odyans sou Plent Kont Administrasyon Trump Paske li Elimine TPS pou Ayisyen yo sou 2è Jou l
Pwosè a te dewoule sou sitiyasyon anviwon 50.000 imigran ayisyen ki gen otorizasyon pou travay ak rete viv Ozetazini pandan yon ti bout tan apre gwoudougwoudou 12 janvye 2010 la. Anplis, Sant Detid pou Migrasyon estime ke imigran ayisyen ki gen TPS yo gen apre 27. 000 timoun ki fèt sou teritwa ameriken an.
Pandan pwosè a tap dewoule nan New York mèkredi 9 janvye 2019 pase a, Avoka Defansè Imigran ayisyen ki gen TPS yo te mete aksan sou echanj kourye elektwonik ant plizyè otorite amerikèn sou dosye sa a. Avoka defansè yo deklare adminstrasyon Trump la te tèlman deside pou l mete fen nan pwogram nan pou ayisyen yo, li te chwazi pou l inyore enfòmasyon pwòp reprezantan li yo ann Ayiti te kominike l sou sitiyasyon peyi a ki te fè konnen nasyon Karayib la poko pare pou l resevwa sitwayen li yo.
“ Pwoblèm nan sè ke, Madam Kathy Kovarik, administrasyon Trump la te chwazi kòm minis Sekirite Teritoryal, te ekri ann oktòb 2017 nan imèl,” Si se konsa sitiyasyon an ye, nou rekòmade yon pwolonjman TPS paske sitiyasyon sanble pa bon vre jan nou di l la.”
Pwosè san asistans jiri sa a se youn nan premye pwosè sou 7 plent ki depose nan tribinal federal atravè tout Etazini pou anpeche administrasyon Trump la mete fen nan pwogram TPS la, ki pèmèt anviwon 300 mil sitwayen ayisyen, salvadoryen, nikaragweyen, soudanè ak lòt rete viv Ozetazini tanporèman apre vyolans ou dezan natirèl fin sakaje peyi natal yo.
Anbasadè Ayiti Ozetazini Paul Altidor nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik ane 2018 pase a, te ensiste sou lefètke peyi a poko pran kab li e li pa pare pou l ta resevwa anviwon 50 mil imigran TPS li yo.
“ Nan landemen apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, plizyè peyi zanmi Ayiti te mete tèt ansanm pou soutni l, dapre Anbasadè Altidor.” Sepandan, anpil nan pwomès ki te fèt yo pat janm respekte e ke resous Ayiti te konte sou li yo pou l te rekonstui tèt li, e byen li pat janm jwenn yon oubyen sal te resevwa yo pase nan gaspiyaj.”
Peyi Dayiti ap fè fas ak yon epidemi Kolera depi apre tranbelemanntè 12 janvye 2010 la, e an 2016, peyi a te frabe anba anpil move tan; anpil nan yo te pirèd pase sa l te sibi nan ane 1964 yo ki vin debouche sou pwoblèm alimantè kote peyi a pa ka rive pwodui ase manje pou nouri popilasyon lakay li san konte plis pase 2 milya dola domaj materyèl.
Prezidan ayisyen an nan okazyon 9è anivèsè tranblemanntè 2010 la mande tout ayisyen kontinye mete tèt yo ansanm pou rive rekonstrui peyi a menm jan yo te ini yo pou pote sekou bay vitkim yo jou trajik 12 janvye a. Tribinal Federal New York la poko pran yon desizyon sou ka imigran TPS ayisyen yo. An menm tan tou, otorite imigrasyon amerikèn yo poko di si gen lòt konsiderasyon yo kapab fè sou sitiyasyon imigran ayisyen yo. Tout fwa jilyè 2019, se dat eliminasyon TPS pou imigran ayisyen ki te deja genyen l yo.