Otorite Gad Frontye Etazuni dekonseye migran Ayisyen k'ap eseye chankre Ozetazuni.
"Migran kap eseye tante chans yo pou antre Ozetazuni oubyen kap reflechi pou we si yo ta fe vwayaj la - fok nou konnen Etazuni ap aplike lwa ki rele Title 42 a (yon lwa ki gen rapo ak sante piblik akoz pandemi coronavirus la) e ke yo pap kite yo antre Ozetazuni," Chef Raul Ortiz deklare pandan yon konferans pou lapres nan vil Del Rio, Texas. "Nou pral depote yo e mennen yo tounen nan peyi natif natal yo dapre lwa Etazuni. Patne nou yo nan Depatman Deta ap travay pou asire gen yo jwenn sipo yo bezwen le yo ateri ann Ayiti. "
Desizyon gouvenman Joe Biden nan pran pou'l depote plizye milye Ayisyen ki tabli kan refije anba yon pon ki tou pre frontye Etazuni ak Meksik, vekse Ayisyen k'ap viv toupatou nan mond lan.
Anbasade Ayisyen nan Washington, Bocchit Edmond fe konnen li atriste pa sityasyon sou frontye a.
Guerline Jozef, yon Ayisyen kap travay ak migran yo sou frontye a e ki se direktris egzekutif Haitian Bridge Alliance pibliye yon mesaj sou Twitter ann Angle kote li di olye Etazuni akonpaye Ayisyen yo nan moman y'ap neye nan yon seri dezas natirel ak kriz, li pran mezi pou asire yo neye.
Chef Ortiz di gad frontye a deja arete 3,300 Ayisyen ke yo anvizaje voye tounen Ayiti nan avyon nan jou k'ap vinn la yo.
Jodi Dimanch la, 3 avyon sevis Imigrasyon ak la Dwann Etazuni (ICE) pote tounen Ayiti 360 migran ke yo ranmase anba pon vil Del Rio a.
Jounalis nou nan Potoprens, Matiado Vilme pale ak 2 pami Ayisyen sa yo sou eksperyans yo.
Your browser doesn’t support HTML5
Dam sa a limenm ki di li tap viv byen Chili men li pat gen papye rezidans kritike fason Etazuni depote Ayisyen yo.
Your browser doesn’t support HTML5
Jounalis nou, Wilner Bossou, ki te sou plas nan ayewopo Toussaint Louverture la tou nan moman avyon Ameriken yo tap debake, pale ak yon responsab ONM - Ofis Nasyonal Migrasyon sou kijan leta Ayisyen anvizaje akonpaye moun Etazuni sot depote yo.
Your browser doesn’t support HTML5
Dapre sa nou konstate, Ayisyen yo te resevwa manje apre yo te debake epi 10,000 goud Ayisyen pou reprann lavi yo.
Jean Robert Philippe, se anvwaye spesyal nou nan vil Del Rio. Li rive jodia e li lap suiv sityasyon an pou nou.