Depatman Deta anonse Madi ke li pral enpoze entèdiksyon vwayaj kont kolon ekstremis Juif ki enplike nan yon seri atak kont Palestinyen nan Sisjodani.
Sekretè Deta Antony Blinken anonse mezi a apre li te lanse avètisman bay Izrayèl semèn pase a pou di administrasyon Prezidan Joe Biden nan pral pran mezi pou reponn atak sa yo.
Matthew Miller se pot pawol Depatman Deta a.
"Jodia, jan Prezidan Biden te avèti, Etazini ap pranmezi pou reponn zak vyolans kap ogmante nan Riv Oksidantal la - lap mete ann aplikasyon yon nouvo politik restriksyon viza anba seksyon 212-A3C Ako Imigrasyon ak Nasyonalite a. Anba politik sa a Etazini pral pousuiv restriksyon viza kont nempot ki endividi ki ta mele nan oubyen ki kontribye yon fason siyifyan pou minnen lapè, sekirite oubyen stabilite Sisjodani."
Sekretè Blinken pa anonse entèdiksyon viza endividyèl, men pot pawol Depatman Deta a, Matthew Miller di sanksyon yo antre ann aplikasyon Madi e ke yo vize dè douzèn kolonizatè ak fanmi yo e yo anvizaje sanksyon plis moun toujou. Li pa presize konbyen moun, e li refize idantifye moun sanksyon yo sible pou pwoteje vi prive yo.
"Nou pral deziye lot endividi nou vle sible nan jou kap vini yo. Nou kondane san ekivok atak vyolan ekstremis Izrayelyen yo lanse kont Palestinyen ak zak vyolans ekstremis Palestinyen yo lanse kont Izrayelyen. Zak sa yo menase stabilite Sisjodani nan l imedya epi sa ka ekate nou pi plis ak yon avni kote Palestinyen ak Izrayelyen ka viv ansanm nan lapè ak sekirite nan tou le 2 eta yo."
Desizyon an vini nan yon moman sansib nan relasyon ant Lèzetazini ak Izrayèl.
Administrasyon Biden nan apiye ak fos, Izrayèl depi atak Hamas te lanse 7 Oktob la, epi menm fè fas ak kritik entènasyonal.
Sepandan, nan semèn ki pase yo, administrasyon an ogmante apèl li pou mande Izrayèl fè plis pou limite lanmo sivil yo pandan yap etann ofansiv yo epi sible rejyon sid Gaza kote anpil moun rete.
Nan Koloni Ariel nan Sisjodani, ajans nouvel Reuters pale ak kek kolon juif sou sanksyon Ameriken yo.
Kolon Nave Kievitz opoze sanksyon yo.
"Mwen kwe menas Ameriken yo se yon bagay ki pa konekte ak reyalite a. Mwen abite nan koloni Eli a depi plizye zane. Poumwenmenm pesonelman mwen pa we okenn zak kote Juif yo blese Palestinyen. Malgre sa mwen vwayaje sou wout sa yo chak jou plizye fwa, mwen kontre ak moun mwen pa konnen ki voye woch sou nou nan lari, anba lavil. Gen timoun ki blese, gen machin ki andomaje, pasaje yo blese. Se sak rive chak jou bo isit la. Palestinyen kou Juif. Men pa Juif fki al atake Palestinyen yo. Donk mwen kwe menas Ameriken an odye e malere."
Lèzetazini evite kritike kareman ofansiv la. Men, Ameriken pale pi fo pandan jou kap pase yo pou kritike zak vyolans kolon Juif yo komèt nan Sisjodani, ak refi Izrayèl pou l reponn apèl Etazini lanse pou yo sispann fè sa.
Biwo Kowodinasyon Nasyonzuni kap travay sou Zafè Imanitè deklare Lendi ke depi 7 Oktob la gen omwens 8 Palestinyen kolon Juif yo touye nan Sisjodani.
Ajans LONU an di li anrejistre 314 atak kolon yo lanse ki lakoz Palestinyen mouri oubyen ki andomaje pwopriyete Palestinyen oswa tou le 2 bagay sa yo.
Yon tyè atak yo enkli menas ak zam, fiziyad - e prèske mwatye atak kolon yo lanse te gen akonpayman oubyen sipo fos Izrayelyèn yo.
Mezi Etazini pran madi a vini yon mwa sèlman apre Izrayèl te jwenn apwobasyon pou antre nan Pwogram Etazini ki bay sitwayen aksè pou antre nan peyi a san yo pa oblije gen viza.
Moun sanksyon yo vize yo pap elijib pou pwogram sa a, e li posib pou Etazini revoke viza Ameriken sa yo pami yo ki deja gen viza.
Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press ak Reuters