Ayiti: PNH Mete Yon Avi Rechèch Kont 2 Ansyen Palmantè
Your browser doesn’t support HTML5
Nan konferans Pou laprès PNH la te bay madi 18 fevriye, lapolis anonse yo mete avi rechèch dèyè 2 ansyen palmantè ayisyen. Otorite yo akize ansyen senatè Nenel Cassy ak ansyen depite Alfredo Antoine pou konplo kont sekirite nasyonal, finansman òganizasyon kriminèl ak konplisite nan asasina.