Anilasyon Dwa Legal pou Moun Fè Avòtman Ozetazini Taka gen Gwo Konsekans pou Minorite yo

Foto Achiv: Yon asistan medikal pare sal egzaminasyon an nan Sisters in Birth yon klinik ki sitye nan vil Jackson, eta Mississippi.

Sèl klinik ki fè avòtman nan eta Mississippi, Jackson Women's Health Organization - te plizoumwen kalm nan komansman semèn nan. Se kèk opozan pratik sa a sèlman ki te kanpe nan lakou a pou lapriyè apre dokiman legal Kou Suprèm nan te pibliye epi soulve gwo pale anpil toupatou nan mond lan.

Ni patizan ni opozan avotman te atann yo aske Kou Siprèm nan ranvèse desizyon istorik Roe v Wade la ke li te pran an 1973. Se ka sila a ki te legalize avotman toupatou Ozetazini.

Klinik Mississippi a pral fèmen si Kou Siprèm nan ranvèse Roe v Wade paske eta sa a nan sid Etazini genyon lwa an plas ki ta otomatikman entèdi avotman.

Administratè klinik la, Shannon Brewer di gen doktè ki vwayaje soti nan lot eta pou vinn travay nan isit la akoz presyon yo konn pran lakay yo.

"Mwen kwè sa montre'w kijan Sid la pa evolye. Mwen kwè yo pito mize sou sa epi depanse lajan enpo nou sou sa olye yo sèvi avè'l pou amelyore edikasyon timoun yo. Donk se yon souflèt pou moun Mississippi," Madan Brewer deklare.

Si ou se yon nwa oubyen latino kap viv nan eta konsèvatè yo ki deja gen limit sou avotman, ou gen plis chans pou fè avotman pase fanm blanch yo.

E si Kou Siprèm Etazini an pèmèt eta yo mete plis restriksyon oubyen menm entèdi avotman, fanm minoritè yo pral soufri plis, dapre statistik Associated Press ranmase.

"Mwen kwe li afekte tout fanm men sak dwol se ke li pral afekte fanm ki pi bezwen'l. Mwen we fi tout ras, tout laj tout koule isit la. Fi ki paka vwayaje e ki pa gen lajan pou allot kote - sa pral afekte yo. Sa pral afekte majorite kliyan nou yo paske yo paka pran konje si yo pa vle pèdi djob yo. Fanm ki deja gen lot timoun sa pral afekte yo anpil. Malerezman sa sak pral pase," Madan Brewer deklare.

Enpak potansyèl la sou fanm minorite yo te vinn pi klè Lendi apre dokiman an te pibliye. Dokiman sa a te sigjere majorite jij konsèvatè nan kou a pare pou ranvèse desizyon 1973 la.

Foto Achiv: Getty Israel kanpe nan klinik Sisters in Birth nan vil Jackson, eta Mississippi.

Si vreman vre Roe v Wade anile, sapral vle di chak eta gen otorite pou'l deside legalite avotman. Gen apepre mwatye eta Ameriken yo - sitou nan Sid ak Sant Ouès peyi a ki taka entèdi avotman san pèdi tan.

Anski konsène konsekans pou medam minorite yo, chif yo pa klè. Nan Mississippi, gen 44% popilasyon an ki pa blan, men 81% fanm ki fè avotman se monorite yo ye, dapre Fondasyon Fanmi Kaiser a ki trake done sou la sante.

Doktè Cheryl Hamlin, yon jinekolog ki se moun Boston vwayaje al Mississippi yon fwa pa mwa pou fè avotman nan klinik la. Jounalis AP a mande'l kisa pasyan yo ap di sou desizyon Kou Siprèm nan.

"Mwen pa kwè anpil nan yo o kouran. Pèsonn pa menm mande'm anyen. Men lè mwen pale yo de sa yo di'm wi e yo sanble gen kè sote epi yo sezi," Dokte Hamlin deklare.

Doktè a di li pè konsekans sa taka genyen sou fanm ki bezwen fè avotman.

"Gen gwo kè sote kounyea ke fanm nan Mississippi pap ka jwenn mwayen pou fè avotman e ke yap oblije kite eta a. E ou konnen Mississippi se yon eta ki pov. Pa gen anpil moun ki gen lajan pou achte biyè pou vwayaje, peye otel. Yo paka pran konje nan travay. Ou konnen se yon kè sote a kou tèm. Men mwen kwè eta ki pral pèmèt avotman fèt pral debode ak pasyan," Dokte Hamlin di.

Kou Suprèm nan va gen pou'l pwononse desizyon ni sou avotman nan fen mwad Jyen an oubyen komansman mwad Jiye.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press