Anbasad Ayiti nan Washington Devwale Skiplti Ewo Revolisyon an pou Fèt Drapo

Jèn skilptè Ayisyen Caymitte Woodly alias Filipo kanpe bo kote skilpti li de ewo revolisyon Ayisyen Jean Jacques Dessalines pandan yon selebrasyon pou Fèt Drapo nan Washington, 18 Me, 2022.

Ayisyen kou etranje te rasanble nan Anbasad peyi d'Ayiti nan Washington Mekredi a l'okazyon fèt drapo.

Anbasad la te òganize yon sware espesyal pou komemore fèt la kote yo devwale skilpti ewo revolisyon Ayisyèn nan.

Anbasadè Bocchit Edmond di nou pwojè sa a gen anpil siyifikasyon pou li.

Anbasadè Ayisyen nan Washington Bocchit Edmond poze pou yon foto pandan yon aktivite pou komemore Fèt Drapo, 18 Me, 2022.

"Se ak anpil emosyon ak anpil plezi ke'm te devwale aswè a dèyè do'm la a papa Dessalines, Catherine Flon ki te koud drapo a, gen Sanite Belair la a, nou gen Alexandre Petion, Henry Christophe, nou gen Marie Jeanne Lamartinière avek Toussaint Louverture. Se ewo sa yo ki te kreye nasyon sa a e'm te kontan aswè a pou'n te onore yo," Ambasadè Edmond deklare.

Se ansyen Anbasadè Ayisyen Ozetazini, Hèrve Denis ki te tanmen inisyativ la. Li te prezan pou devwalman an, ansanm ak ansyen anbasadè Fritz Cineas.

Anbasad la te chwazi 3 skilptè Ayisyen pou pwojè sa a atravè yon konkou. Mitchel Mompremier ki fè skilpti Toussaint Louverture, Marie Jeanne Lamartinière ak Alexandre Petion pat vwayaje Washington, men Woodly Caymitte alyas Filipo epi Berthony Seize te prezan.

Filipo, yon skilptè pwofesyonèl di nou li gen kèk skilpti li ki ekspoze nan peyi la Frans e ke lap travay ak avèg Ayisen pou "devlope nam yo" pou aprann skilpte.

Yon skilpti ewo revolisyonè Ayisyen Jean Jacques Dessalines, ke yo te devwale pandan yon seremoni espesyal pou komemore fèt drapo nan Anbasad Ayiti nan Washington, 18 Me 2022.

"Skilpti mwen fè aswè a se Jean Jacques Dessalines avek Henri Christophe ki se pè patri a ak Henri Christophe ki te yon vizyonè pou pwogresyon peyi a," Caymitte esplike.

Berthony Seize limenm di nou li gen pyès d'ar pa li ekspoze nan peyi Itali. Se limenm ki fè skilpti Catherine Flon epi Sanite Belair.

"Nomalman skilpti a li an vedèt jounen jodia se fèt Catherine Flon, se fèt drapo a, e mwen santi'm fyè le fèt ke nou kapab fè èv sa a pou ke anbasad la limenm li jwi de li epi pou ansanm kominote Ayisyèn nan li pwize de èv sa a. Nou gen sa nou rele memwa kolektiv - li rantre nan memwa kolektiv nou," Seize deklare.

Pi fò moun ki te asiste komemorasyon an sete manm diaspora a, men tou te gen prezans diplomat etranje. Anbasadè Edmond di nou li anvizaje yon dezyem vole pou pwoje sa a.

"Sa yo se dè bust ki pral enstale nan sal de resepsyon sa a. Lè vizitè etranje vinn vizite anbasad la y'a wè yo. Men pi gran koze se pou nou enstale yon gwo statu Jean Jacques Dessalines devan anbasad la. E'm panse anpil anbasad lot peyi fè'l, yo gen ewo yo ki reprezante a Washington, m'panse li tan pou papa nasyon an kanpe devan anbasad la paske lap yon gran onè e omaj merite. Paske li kite nasyon sa a ba nou e menm lè nou paka travay nan dimansyon yo, li enpotan pou nou onore yo konsa," Anbasadè Edmond deklare.