Administrasyon Trump la ap deplwaye jefò pou mande Kou Siprèm la kite l enpoze kèk restriksyon sou sitwayènte Ameriken pou ti bebe etranje ki pran nesans Ozetazini pandan gen batay legal kap dewoule sou lòd Prezidan Donald Trump pase pou mete fen nan sa yo konsidere depi lontan tankou yon pwomès ki nan konstitisyon Etazini.
Administrasyon an depoze aplikasyon dijans devan Kou Siprèm nan ki ta pèmèt li anpeche ti bebe ki pran nesans Ozetazini apre 19 Fevriye gen sitwayènte Ameriken si paran yo te antre nan peyi a ilegalman.
Yon jij bloke lòd Trump la toupatou Ozetazini.
Tout tibebe ki pran nesans Ozetazini otomatikman sitwayen Ameriken dapre lwa "Birthright Citizenship" la ki enkli pitit manman ki te antre Etazini ilegalman.