JOHANNESBURG (AP) — Sèvis dijans yo di omwen 12 moun mouri epi 45 lòt blese lè yon bis chavire sou yon gran wout nan vil Johannesburg, nan peyi Afrik di Sid.
Ekip dijans yo t ap eseye souleve bis la pou tcheke si gen plis viktim ki te bloke anba li. Aksidan an rive bonè madi a pre O.R. Tambo International Airport, prensipal ayewopò Johannesburg. Bis la te rete kouche sou kan bò wout la.
Li t ap transpòte moun soti nan katye Katlehong, ki nan lès Johannesburg.