Fòs lòd yo nan tèt kole ak Brigad vijilans zòn Trianon, yon lokalite nan Mibalè, sezi 3 zam otomatik ak 10 mil 460 katouch, nan yon ti bis ki te gen 4 moun. 2 nan moun sa yo pran Bwa kale, 2 lòt yo rive chape poul yo.
2 endividi ki te nan bis la te konfese pou l di ti bis la ta prale Delmas 75, avan popilasyon an te ba yo Bwa kale a.
Daprè delege depatman Sant lan, Frédéric Occéan, popilasyon an ak lapolis lage dèyè 2 lòt okipan bis la.
Daprè plizyè rapò ki soti nan ONU, zam tout kalte (9 mm, AK 47, Mitrailleuse) soti Etazini pase Sendomeng pou rive jwenn gang yo ann Ayiti. Depatman sant peyi a kole ak fwontyè ayisyano-dominiken an.