Menm jan ak vòl tès Spacex te fè nan mwa janvye, konpayi milti-bilyonè Elon Musk yon lòt fwa ankò te pèdi kontak ak dezyèm etaj fize a, Starship la ke yo te lanse Jedi 7 mas la dapre sa yon ofisyèl te anonse pandan yon emisyon videyo.
"Nou pèdi kontak ak fize a. Malerezman, sa te rive dènye fwa a (tou)," se sa Dan Huot, yon ofisyèl SpaceX te di , e ajoute ke konpayi an t ap travay "sere sere ak otorite kontwòl trafik aeryen."
Eksplozyon fize a nan mwa janvye te voye yon bann debri nan syèl Karayib la e li te lakòz domaj minim sou pwopriyete yo nan zile Turks ak Caicos.