Nan premye kòmantè piblik li depi Trump kanpe èd militè Etazini pou Ikrèn, Zelensky te deklare diskisyon piblik li te genyen ak Trump semèn pase a te "regretab" epi li pwomèt pou l siyen yon akò sou minrè enpòtan ak Washington.
Li te tou mande pou gen yon "trèv" sou lanmè e nan lèzè, kòm premye etap pou mete fen nan twa lane lagè ak Larisi.
Yon gwo deblozay nan alyans lagè ant Kyèv ak Washington kòmanse depi konfli televize ant Zelensky ak Trump nan Biwo Oval la, semèn pase a, e li vin pi grav depi lè alye ki pi enpòtan Ikrèn nan, anpalan de Washington, kanpe èd militè esansyèl li t ap bay peyi sa a.
"Ekip mwen an ak mwen pare pou nou travay anba gran lidèchip Prezidan Trump pou jwenn yon lapè dirab." Se sa Zelensky ekri sou X.
"Reyinyon nou te genyen nan Washington, nan Mezon Blanch vandredi pase a, pa t pase jan li te dwe a," "Li lè pou n korije bagay yo." Deklarasyon lidè ikrenyen an.