Yon Jij Bloke Politik Imigrasyon Trump ki Kite yo Poze Arestasyon nan Legliz

Foto Achiv: Logo Depatman Sekirite Nasyonal Etazini.

Yon jij federal bloke Lendi tantativ ajan imigrasyon tap fè kote yo tap eseye arete moun nan legliz Quaker ak lot gwoup relije.

Jij Theodore Chang jwenn ke politik administrasyon Trump la taka vyole libète relijyon moun sa yo kidonk yo ta dwe anpeche yo antre ann atandan pwosè a poko fini.

Yon enjonksyon preliminè jij la ki gen baz li nan Maryland mete an plas, aplike sèlman pou moun ki depoze plent la yo. Gwoup la gen ladann yon seri legliz Batis nan eta Joji ak yon tanp Sikh nan Kalifoni.

Yo te asiyen administrasyon Trump la apre li te wetire politik Depatman Sekirite Nasyonal ki limite ki kote yo kapab arete migran yo.