Trump di Tarif sou Kanada ak Meksik yo ap Kontinye epi Pral Gen Plis Taks sou Enpòtasyon

2025年2月3日,存放在德国埃森一个物流中心的大量新轿车。

WASHINGTON (AP) — Prezidan Donald Trump di tarif sou Kanada ak Meksik ap kòmanse mwa pwochen.

Deklarasyon li fè lendi a montre sispansyon yon mwa pou taks sou enpòtasyon yo fini, sa ki ka afekte kwasans ekonomik epi ogmante enflasyon.

Trump deklare lendi pandan yon konferans pou laprès nan Mezon Blanch ak Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, “tarif yo ap kontinye jan sa te prevwa, san chanjman nan delè.”

Pandan li tap reponn yon kesyon sou taks ki pral frape de pi gwo patnè komèsyal Ameriken yo, Trump mete aksan sou sa li rele tarif “resipwòk” li yo, ki ap antre an aplikasyon apati mwa avril.