Yon Jij Anile Pwosè Majistra Nouyòk Eric Adams, Men Akizasyon Koripsyon yo Toujou an Plas

Foto Achiv: Majistra Nouyok Eric Adams, 20 Fevriye 2025.

Yon jij federal anile pwosè koripsyon majistra Nouyòk Eric Adams epi nomen yon avoka pou konseye li sou kijan li dwe jere demann Depatman Jistis la fè pou kite tonbe akizasyon kont Demokrat la.

Jij Dale E. Ho pase lòd la Vandredi. Savledi li pap deside pazavan mitan mwad Mas la, si li pral akòde demann pou kite tonbe enkilpasyon majistra pi gran vil peyi Etazini.

Pandan yon odisyon Mèkredi, yon avoka gouvènman an te site yon dekrè Prezidan Donald Trump pandan li tap defann demann pou kite akizasyon yo tonbe.

Adams te konfime ke li te aksepte desizyon ke li posib pou yo re-enkilpe li paske li di li si e sèten li inosan.