Lapolis Nasyonal Ayiti anonse yo mete anba kòd, Sebastien Bataille, yon timoun 13 lane ki fè pati gang 400 mawozo a.
Selon sa lapolis kominike sou rezo yo, Minè a, Sebastien Bataille, jwenn arestasyon li nan kad yon operasyon (filati) otorite yo mennen nan Gerald Bataille samdi 15 fevriye 2025 lan
Nan deklarasyon li bay otorite yo, Sebastien Bataille eksplike nèg bandi 400 mawozo yo ba l za m. Selon minè a, nèg 400 Mawozo yo "bat li anpil" e "kase tout tèt" li.
Nan moman arestasyon li, Sebastien Bataille te gen ak li Modelain Amadi, 25 lane, ki ta fè pati tou de gwoup 400 mawozo a.
Sebastien Bataille fè konnen se Modelain Amadi ki te rekrite l pou fè l antre nan gang.