Daprè reprezantan UNESCO an Ayiti, Eric Voli Bi, inisyativ sa a vle ede jounalis ki sibi chòk apre atak sa a.
Òganizasyon an ap mete yon espas espesyal a dispozisyon yo pandan 2 mwa.
Kolektif media an liy yo felisite UNESCO pou soutyen sa a ki enpòtan pou jounalis ki viktim yo.
Se yon angagaman pou pwoteje sila yo ki chak jou pran risk pou enfome sosyete a. Robeste Dimanche te pwofite bay kek enfomasyon sou evolisyon jounalis ki te viktim e kap pran swen nan peyi Kiba kounye a.
HAITI-POLITICS/
Nan seremoni ouvèti a, Fritz Alphonse Jean eksprime solidarite li ak jounalis ki afekte yo epi li re-afime angajman Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou l retabli lapè epi konbat ensekirite a.
Minis Jistis la, Patrick Pélissier, mete aksan sou nesesite pou laprès travay nan yon anviwònman ki an sekirite.
UNESCO ak otorite ayisyen yo mete devan nesesite pou yo pwoteje libète laprès epi asire sekirite jounalis yo, nan yon peyi kote ensekirite rete yon gwo defi.