Depatman Jistis Revoke 20 Jij Imigrasyon

Foto Achiv: Yon polisye koute yon moun pandan lap eskote yo nan tribinal imigrasyon Miami an, 10 Janvye 2024.

Yon responsab sendika travay di administrasyon Trump la revoke 20 jij imigrasyon san eksplikasyon nan moman mezi an mach pou fè gwo rediksyon nan ajans gouvènman federal yo.

Matt Biggs, ki se prezidan Federasyon Entènasyonal Enjenyè Pwofesesyonal ak Teknik, di 13 jij ki potko prete sèman pou komanse travay ak 5 jij imigrasyon adjwen jwenn revokasyon yo Vandredi.

Li poko klè si yo pral ranplase yo.

Biwo Depatman Jistis pou Revizyon Imigrasyon pa reponn demann Associated Press fè pou komantè. Biwo sa a jere apepre 700 jij pou tribinal yo, ki sichaje ak dosye legal kounyea.