Selon yon rapò inite k ap lite kont koripsyon (ULCC), Aviol Fleurant te fè fo deklarasyon patrimwàn pandan peryòd 2016 - 2018.
Pandan peryòd sa a, ansyen minis Planifikasyon an ta kache 75,207,339.29 goud.
Selon ULCC, Aviol Fleurant ranmase richès yon fason ki "ilegal".
ULCC souliye ansyen minis Planifikasyon an gen plis pase 100 milyon goud ki depoze sou kont li alòske kantite revni li se anviwon 29 milyon goud.
Anplis de sa, akizasyon an di Aviol Fleurant achte sou non pitit li 2 kay nan Peggy-Ville pou 75 mil dola ameriken.
Pi lwen ULCC fè konnen Aviol Fleurant ak madanm li gen 16 kont labank. 7 kont an goud, 9 an dola ameriken.
Aviol Fleurant te refize vin reponn kesyon lajistis sou dosye koripsyon sila a, sa ki pouse jij Loubens Élisée mete yon manda dèyè ansyen minis la.