Nan yon kominike pou laprès ki pote dat 16 fevriye 2025 lan, Laprezidans esplike atak bandi yo sou baz Teleco a nan mòn Tranchan se yon zak lach ki pa dwe aksepte.
Laprezidans di tou li kondane ak fòs li atak sila a ki fèt kont sòlda « Forces Armées d’Haïti » (FADH) yo ki t ap siveye baz sa a.
Li pèsiste pou l di Leta p ap fè bak devan okenn menas ki kapab menase souverènte nasyonal la ak sekirite sitwayen yo.
Laprezidans fè konnen tou li koube l byen ba devan fanmi viktim Petit’homme Charles Benictor, yon sòlda FADH ki pèdi lavi l pandan atak sa a gang yo te fè dimanch 16 fevriye a nan maten.