Etazini Prezante Ikrèn yon Dokiman pou Jwenn Aksè nan Minrè li yo

Ukraine's President Volodymyr Zelenskyy speaks during a joint news briefing in Kyiv, Feb. 12, 2025.

MUNICH (AP) — Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, di li pase minis li yo lòd pou yo pa siyen yon akò Etazini pwopoze, ki ta bay Washington aksè nan minrè ra Ikrèn yo, paske dokiman an te twò chita sou enterè ameriken yo.

Pwopozisyon an, ki te yon eleman kle nan diskisyon Zelenskyy ak Vis-Prezidan ameriken JD Vance, pandan Konferans sou Sekirite a nan Munich vandredi, pa t ofri okenn garanti sekirite egzat pou Kiev. Se sa yon dirijan aktyèl ak yon ansyen gwo zotobre ki abitye ak negosyasyon yo konfime.

Yon gwo responsab nan Mezon Blanch dekri desizyon Zelenskyy pou l pa siyen akò a, omwen pou kounye a, kòm yon desizyon ki "manke vizyon."