Minis li nan Fòs Ame Lafrans la Sébastien Lecornu di Jedi 13 fevirye 2025 la ke Lafrans gen kè sote ke nouvo administrasyon ameriken an pral "bay Larisi tout bagay" nan negosyasyon lapè sou Ikrèn nan.
Mesye Lecornu te deklare sou chanèl BFMTV "Nan yon moman kote Prezidan Trump ap di: 'nou dwe negosye, nou dwe enpoze lapè pa fòs', enkyetid nou nan Pari se ke fòs sa a pa parèt yon feblès."
Washington di ke pap gen twoup ameriken kap deplwaye nan Ikrèn kòm yon pati nan yon akò lapè posib e Kyèv pap antre nan Òganizasyon Trete Nò Atlantik LOTAN " ki sa ou genyen nan manch ou?" "Sa ki enkyete nou se ke alafen administrasyon Ameriken an pral abandone tout bagay."