Vis Prezidan Etazini JD Vance vizite moniman kan konsantrasyon Dachau la nan peyi Almay kote li deklare: "lè ou wè l de pre sa vreman fèw konprann kalite mechanste pa gen bouch pou dekri ki te dewoule la a."
Vance ta monte desann koulvwa solenèl yo ak yon gwoup ki te gen ladann yon sivivan Olokòs la ki te fèmen nan Dachau.
Se yon lye kote k te gen gwo lasoufrans ak asasina an mas ki se yon senbòl puisan Dezyèm Gè Mondyal la.
Vizit Jedi a vini nan moman lagè ap dewoule an Ewòp. Vance ap jwe yon wol kle lòt bò a pou administrasyon Trump la.
Vandredi 14 Fevriye, vis prezidan an pral fè chita tande enpòtan ak Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy sou konfli Larisi-Ikrèn nan kap dewoule depi 3 zan.