Espwa pou TPS ayisyen
Nan yon entèvyou eksklizif li bay jounalis VOA Kreyòl James Pierre , Depite Repibliken Mike Lawler ki reprezante 17yèm Distri New York mande pou renouvle TPS Pou Ayisyen.
Gen apreprè 11,967 sitwayen ayisyen ki ap viv nan 17yèm Distri New York la.
Depite Lawler di akòz kondisyon sekirite nan Peyi Dayiti ki vini pi grav, administrasyon Trump lan ta dwe renouvle TPS pou ayisyen.
Depite a mete aksan sou gang yo, ki kontinye ap simen latwoublay ak trafik dwòg li di ki ogmante an ayiti.
Daprè Lawler, si Administrasyon Trump lan pa renouvle TPS pou ayisyen, kondisyon Ayiti ap vini pi grav e sa ka gen gwo konsekans sou eta Florid.
Palmantè Mike Lawler fè deklarasyon sa yo aprè yon rankont li te genyen ak plizyè lidè Ayisyen nan "Capitol Hill" la.
Vis majistra Vil North Miami Marie Estime-Irvin, Konseye minisipal Pierre Frantz Charles ak ansyen Konseye minisipal Jean Monestime se kèk nan lidè ayisyen ameriken ki te nan reyinyon sa.